Ekspilsyon nan yon pak kay mobil
Si w ap fè fas ak yon risk pou yo mete w deyò nan kay mobil ou a, risk la ka wo anpil — sitou si ou se pwopriyetè kay mobil la men ou lwe teren an. Men sa ou ta dwe fè apre sa.
Dènye mizajou paj sa a te fèt nan dat 23 septanm 2021.
Ekspilsyon nan yon kay mobil ka diferan de lòt ekspilsyon yo. Anjeneral, ou se pwopriyetè kay mobil la epi ou lwe teren an. Si yo mete w deyò, ou ka pèdi kay ou. Piske gen anpil bagay an jwèt, lalwa Ohio di ke operatè pak la dwe gen yon bon rezon pou mete w deyò tankou pa peye lwaye oswa yon "vyolasyon materyèl" règleman pak la.
Avi w ap resevwa a depann de rezon ki fè y ap mete w deyò nan kay la.
Yo ka mete w deyò nan teren kote kay mobil ou a ye a paske ou pa peye lwaye. Si se sitiyasyon w lan, w ap resevwa yon avi 3 jou anvan pwopriyetè a ka depoze yon ka pou mete w deyò kont ou nan tribinal.
Sepandan, li komen tou pou moun yo mete deyò nan yon pak kay mobil pou yon "vyolasyon materyèl" règleman pak la. Yon "vyolasyon materyèl" règleman pak la ka vle di anpil bagay. Sa vrèman depann de kontra lokasyon ou ak lis règleman pak la. Li tou de ak anpil atansyon.
Si yo mete deyò a paske ou vyole règleman pak la, avi a depann de si se premye oswa dezyèm vyolasyon ou an:
- Si se premye vyolasyon ou fè a, operatè pak la dwe ba ou yon avi 30 jou. Avi a dwe gen ladan l tou yon deskripsyon pwoblèm nan, pou ou ka konnen sa pou w ranje. Si ou ranje pwoblèm nan nan 30 jou, operatè pak la pa ka mete w deyò.
- Si se dezyèm vyolasyon ou nan 6 mwa, operatè pak la ka ba ou yon avi 3 jou sèlman.
Eseye ranje pwoblèm nan imedyatman.
Apre ou fin resevwa yon avi, ou ka eseye evite yo mete w deyò lè w rezoud pwoblèm nan.
- Si ou vyole règleman pak la, ranje pwoblèm nan oswa kòz vyolasyon an pi vit posib.
- Si ou dwe lwaye, fè tout sa ou kapab pou ou bay mèt kay la lwaye ou dwe l la anvan avi 3 jou a fini.
- Eseye negosye ak pwopriyetè kay la . Petèt ou ka jwenn yon plan peman, oubyen yon lòt solisyon ki pral mache pou nou toulede.
Si ou pa kapab fè okenn nan sa yo, oubyen si li sanble sa p ap ase pou anpeche yo mete w deyò a, jwenn yon avoka . Ou ka kalifye pou èd legal. Pou jwenn èd legal lokal ou a, sèvi ak zouti "Jwenn Èd Legal ou" a oubyen ale nan "Èd Legal ak Avoka" sou paj sa a.
Gen kèk vil ki gen yon pwogram "Dwa pou jwenn yon avoka" pou bay sèvis legal gratis pou kèk lokatè ki riske pou yo mete yo deyò epi ki gen yon ti revni. Aprann plis sou Dwa pou jwenn yon avoka nan Akron , Cleveland , Columbus oswa Toledo .
Si yo mete w deyò nan kay la, ou ka pèdi kay ou.
Si ou pa pran aksyon, mèt kay la gen anpil chans pou l depoze yon ka espilsyon kont ou nan tribinal epi yon jij ap deside si ou dwe kite kay la ou pa.
Si yo mete w deyò nan kay la, y ap pèmèt ou deplase kay ou posede a, men ou dwe peye konpayi ki pral deplase l la. Si ou pa gen mwayen pou deplase kay ou a, li posib ou ka pèdi kay mobil ou a. Ou ap toujou oblije peye nenpòt lajan ou dwe sou kay mobil la.
Se poutèt sa li enpòtan pou w eseye rezoud pwoblèm nan pou yo pa mete w deyò depi okòmansman. Si pwopriyetè w la depoze yon demann pou mete w deyò, li enpòtan pou w jwenn yon avoka . Ou ka jwenn yon avoka èd legal , ki pral travay avè w pou eseye sove kay ou a ak lajan ou te mete ladan l lan.