ID, Name Change, and Records

Jwenn kopi dosye vital ou yo

Ou ka ranplase dokiman enpòtan yo, tankou sètifika nesans ou, kat sekirite sosyal ou, oswa lisans chofè ou, si yo pèdi, yo vòlè yo oswa yo detwi. Aprann plis bagay sou kijan pou jwenn nouvo kopi ofisyèl "dosye vital" sa yo.

Voye paj sa a bay:

Konprann Basics yo

Gade sa ou bezwen konnen pou pran aksyon.
See More +

Dosye vital yo se dokiman ki dekri evènman ak enfòmasyon enpòtan nan lavi . Dosye vital ou yo gen ladan yo dokiman tankou:

  • Sètifika nesans
  • Lisans chofè oswa kat idantite leta
  • Kat sekirite sosyal
  • Paspò

Ou bezwen kopi ofisyèl dosye vital ou yo pou fè bagay debaz tankou kondui yon machin, vwayaje, louvri yon kont labank oswa enskri lekòl. Sere dosye vital ou yo nan yon kote ki an sekirite lakay ou oswa avèk yon zanmi ou fè konfyans oswa yon manm fanmi.

Si dosye vital ou yo pèdi, yo vòlè yo, detwi oswa yo pa disponib, ou ta dwe mande nouvo kopi ofisyèl.

Mande kopi ofisyèl dosye vital ou yo

Si dosye vital ou yo pèdi, yo vòlè yo oswa yo pa disponib, ou dwe fè demann separe pou chak youn ou bezwen.

Ou ka bezwen sèten dokiman (tankou sètifika nesans ou) pou pwouve idantite w pou w ka jwenn lòt dokiman (tankou paspò w). Kidonk, si w bezwen ranplase tout dokiman w yo, li pi fasil pou w fè demann yo nan lòd sa a:

  1. Sètifika nesans
  2. Lisans chofè oswa kat idantite leta
  3. Kat sekirite sosyal
  4. Paspò

Sètifika nesans

Ou ka mande yon kopi ofisyèl sètifika nesans ou nan Ohio nan Depatman Sante Ohio a sou entènèt, pa lapòs oswa an pèsòn. Pou fè demann lan sou entènèt, vizite sitwèb ODH la epi peye frè a sou entènèt ak kat kredi. Mande yon sètifika nesans sou entènèt se fason ki pi rapid pou jwenn li. ODH trete demann sou entènèt yo nan 5 jou ouvrab.

Ou kapab tou mande yon sètifika nesans pa lapòs. Pou telechaje fòm pou voye pa lapòs la, ale sou sitwèb ODH la. Demann pou voye pa lapòs yo pran 4-6 semèn pou trete. Si ou pa ka ranpli aplikasyon an sou entènèt oswa pa lapòs, mande distri sante lokal ou a kijan pou fè yon demann sètifika nesans an pèsòn.

Si eta kote ou fèt la pa Ohio, ou bezwen jwenn yon sètifika nesans nan eta kote ou fèt la. Kontakte Depatman Sante eta kote ou fèt la, Depatman Dosye Vital oswa yon biwo ki sanble pou mande dosye ou yo.

Lisans chofè oswa kat idantite leta

Ou ka mande yon ranplasman pou lisans chofè oswa kat idantite leta a lè w aplike sou entènèt sou sitwèb BMV a oswa lè w vizite BMV a an pèsòn. Ranplasman pou yon kat idantite ki pa ekspire ki pèdi oswa yo vòlè a rele yon "re-enprime".

Pou mande yon re-enprime sou entènèt, vizite sitwèb Ohio BMV a, chwazi " BMV Online Services," chwazi "DL/ID Reprint." Pral gen yon frè anviwon $26. Si ou aplike sou entènèt, ou pa ka chanje adrès ou oswa nenpòt lòt bagay sou kat idantite ou. Apre ou fin mande re-enprime a, BMV a voye re-enprime a pa lapòs nan adrès ki sou lisans chofè ou oswa kat idantite ou.

Si ou vle chanje enfòmasyon ki sou lisans ou oswa kat idantite ou, oubyen si ou prefere aplike an pèsòn, ou ka ale nan yon Ajans Lisans BMV Adjwen Anrejistrè . Nan lokal la, ou dwe peye frè a (anviwon $26) epi bay prèv:

  • Non legal konplè
  • Dat nesans
  • Prezans legal nan peyi Etazini
  • Nimewo sekirite sosyal
  • Adrès rezidansyèl

Ou ka pwouve 5 eleman sa yo ak sètifika nesans ofisyèl ou a (ki montre non legal konplè ou, dat nesans ou ak rezidans legal ou) epi yon W2, 1099, yon fichye peman, papye dechaj militè oswa dosye/relevè lekòl (ki gen nimewo sekirite sosyal ou ak adrès rezidansyèl ou nan Ohio). Aprann plis bagay sou dokiman pou pwouve 5 eleman yo.

Kat sekirite sosyal

Ou ka ranplase kat sekirite sosyal ou a sou entènèt, pa lapòs oswa an pèsòn.

Ou dwe gen omwen 18 an epi ou dwe gen yon lisans chofè oswa yon kat idantite leta pou ranplase kat ou a sou entènèt. Si ou aplike sou entènèt, ou pa ka chanje enfòmasyon (tankou non ou) ki sou kat sekirite sosyal ou a. Pou mande kat ranplasman ou sou entènèt, enskri pou yon Kont Sekirite Sosyal Mwen epi ranpli aplikasyon an.

Pou ranplase kat Sekirite Sosyal ou a pa lapòs oswa an pèsòn, enprime epi ranpli aplikasyon an pou yon kat Sekirite Sosyal epi pote l oswa voye l pa lapòs nan biwo Sekirite Sosyal lokal ou a. Pou aprann plis sou dokiman ou bezwen pou jwenn yon Kat Sekirite Sosyal, vizite sitwèb Sekirite Sosyal la.

Paspò

Pou ranplase yon paspò ki pèdi oswa yo vòlè li, ou dwe soumèt Fòm DS-11 ak Fòm DS-64 an pèsòn. Si w ap kite Etazini nan lespas 7 semèn, ou ka kalifye pou pran yon randevou pou aplike an pèsòn nan yon ajans oswa yon sant paspò. Si ou pa gen plan pou kite Etazini nan 7 semèn kap vini yo, pran yon randevou pou aplike pou yon paspò ranplasman nan yon sant akseptasyon paspò.

Nan randevou ou nan ajans paspò a, nan sant lan oswa nan sant akseptasyon paspò a, ou dwe montre:

  • Prèv sitwayènte (tankou yon sètifika nesans ofisyèl oswa natiralizasyon)
  • Yon fotokopi prèv sitwayènte ou an
  • Lisans chofè ofisyèl ou oswa kat idantite leta ou
  • Yon fotokopi lisans chofè ou oswa kat idantite ou
  • Yon foto paspò ki satisfè egzijans foto paspò a ak frè paspò yo.

Timoun ki poko gen 16 an dwe aplike an pèsòn ak tou de paran yo oswa gadyen legal yo, ki dwe montre tou yon prèv idantite. Li règ espesyal yo pou aplike pou yon paspò ranplasman pou timoun ki poko gen 16 an.

Si w andeyò Etazini, kontakte anbasad oswa konsila Etazini ki pi pre w la pou ranplase paspò w la. Si paspò w la pèdi oswa yo vòlè l, ou ta dwe rapòte l pou anpeche vòl idantite. Rapòte paspò ki pèdi oswa yo vòlè sou entènèt, pa lapòs oswa pa telefòn (877) 487-2778 oswa TTY (888) 874-7793.

Plis èd pou jwenn dosye vital ou yo

Si w nan yon fanmi akèy oswa si w te nan yon fanmi akèy, travayè sosyal ou a ka gen kopi dokiman enpòtan ou yo. Mande travayè sosyal ou a pou l ba w dokiman ou yo oswa pou l ede w aplike pou nouvo kopi. Si w te nan yon fanmi akèy epi ou gen ant 18 a 21 an, ou ka jwenn èd nan pwogram Ohio Bridges la.

Kapab gen legliz, òganizasyon kominotè ak lòt pwogram nan zòn ou an ki ka ede w mande epi peye pou kat idantite leta ak lòt dokiman vital. Pou jwenn èd tou pre pou jwenn dokiman vital ou yo, kontakte 211.

Fòm ak Lèt

Jwenn fòm ak lèt ou ka ranpli tèt ou.
See More +
Pa gen okenn fòm ki gen rapò ak sijè sa a.

Gouvènman lokal ak resous kominotè yo

Jwenn tribinal ak resous itil nan kominote w la.
See More +