Swen fanmi pou pitit pitit ou a
Si w se yon granparan k ap pran swen yon pitit pitit aplentan, pafwa yo rele sa swen fanmi, ou pa poukont ou. Aprann plis sou kijan ou ka asire w ke ou gen sa ou bezwen pou pran desizyon konsènan lekòl ak swen sante pitit pitit ou a.
Nan Ohio, li komen pou granparan yo pran swen yon pitit pitit tanporèman a plen tan si paran timoun nan pa kapab. Li tèlman komen ke Ohio gen fòm espesyal pou asire ke granparan sa yo ka pran desizyon enpòtan konsènan lekòl ak swen sante timoun nan.
Si ou ka rive jwenn paran yo
Ranpli fòm Pouvwa Avoka Granparan an avèk youn nan paran yo. Nou toulede ap bezwen siyen fòm nan devan yon notè. Depoze l nan tribinal pou minè lokal ou a nan senk jou.
Si ou pa ka rive jwenn paran yo
Si ou te eseye jwenn paran yo men ou pa kapab, Afidavit Otorizasyon Moun k ap Pran Swen an se pwochen opsyon ou. Ou pral bezwen ranpli fòm lan epi siyen l devan yon notè. Depoze l nan tribinal pou minè lokal ou a nan senk jou.
Si ou vle jwenn gad legal pitit pitit ou a
Jwenn gad legal yon pitit pitit se yon bagay konplike. Pou jwenn gad legal, ou dwe pase nan sistèm tribinal la. Si ou vle jwenn gad legal pitit pitit ou a, panse pou jwenn yon avoka. Desizyon ou pran konsènan pwosesis legal sa a enpòtan, epi yo ka gen efè ki dire lontan sou fanmi ou. Yon avoka ka ede ou konprann opsyon ak risk ou yo, epi ede ou pase nan pwosesis tribinal la.
Aprann plis bagay sou sa pou w fè si w ap enkyete kay pitit pitit ou a pa an sekirite.